Botulism (Haitian Creole)



Yüklə 11,74 Kb.
tarix28.04.2017
ölçüsü11,74 Kb.
#15810


Fèy Enfòmasyon sou

BOTULISM

Botulism (Haitian Creole)




Maladi a

Botulism se yon maladi ki paralize manm ou akòz yon toksin ki fèt pa yon bakteri yo rele « Clostridium botulinum ». Bakteri se mikwòb ki gen dwa fèt w malad. Anpil bakteri gen dwa pwovoke maladi.

Gen twa (3) kalite botulism :


  • Botulism nan-aliman, rive lè yon moun manje, bwè oswa vale de toksin deja fòme (bagay ki kab fè w malad) ki mennen maladi nan kèlke zè tan oswa jou. Botulism nan-aliman se yon danje sante piblik paske aliman kontamine yo gen dwa toujou disponib pou lòt moun, apa pasyan an.

  • Botulism tibebe, rive nan yon ti gwoup bebe ak risk ki fèt chak ane avèk
    « C. botulinum » nan tib dijestif yo.

  • Botulism blesi, rive lè w gen yon blesi ki enfekte ak « C. botulinum » ki lage toksin nan.

Tout fòm botulism yo gen dwa fatal e yo konsidere kòm de ijans medikal. Botulism nan-aliman gen dwa espesyalman danjere paske anpil moun kapab enfekte pandan y ap manje aliman ki te kontamine.

Transmisyon

Botulism nan-aliman rive lè w manje aliman ki gen ladan yo toksin botulism la. Yon toksin se yon sistans danjere ki kapab fè w malad. Botulism blesi rive pa yon toksin ki pwodwi nan blesi enfekte ak « Clostridium botulinum ». Botulism tibebe yo rive lè w konsome « ze » (spore) bakteri botulism la, ki, lè sa a grandi nan trip ou epi degaje toksin.



Sentòm

Sentòm botulism enkli vizyon doub, vizyon twoub, po je tonbe, pale ak lang lou, difikilte pou vale, bouch sèch, ak feblès nan misk. Bebe ki gen botulism parèt kòkraz, pa manje byen, konstipe, yo gen yon ti kriye tou fèb, ak misk mou. Tout sa yo se sentòm paralyze nan misk ki rive akòz toksin bakteri a. Si li pa trete, sentòm sayo gen dwa pwovoke paralizi nan bra, janm, bist ak misk respiratwa yo. Nan botulism aliman, sentòm yo dabitid kòmanse 18 a 36 zè apre w fin manje aliman kontamine an, yo gen dwa rive osi bonè ke 6zè tan oswa osi ta ke 10 jou.



Tretman

Enkapasite pou respire ak paralizi ki rive avèk botulism grav kapab vle di ke pasyan an gen pou l ale sou yon machin pou respire (ventilasyon asiste) pandan de semèn, plis swen medikal entansif ak swen enfimyè. Apre plisyè semèn, paralizi a amelyore tou dousman. Si li detekte bonè, botulism nan aliman ak blesi kapab jwen tretman avèk anti-toksin ki bloke aksyon toksin k ap sikile nan san an. Anti-toksin yo kapab anpeche pasyan an agrave, men li pral pran kanmèm plizyè semèn pou l refè.

Doktè gen dwa eseye retire manje kontamine ki toujou nan vant ou lè l fè w vomi oswa ba w lavman. Blesi fèt pou trete, dabitid pa chiriji, pou retire sous bakteri k ap pwodwi toksin nan. Bon swen nan yon lopital se labaz tretman pou tout kalite botulism. Aktyèlman, yo pa bay anti-toksin pa routin, pou fè tretman botulism tibebe.

Prevansyon

Botulism nan aliman se souvan rezilta preparasyon manje konsèv lakay ou, avèk ti kras kantite asid ladan yo, tankou aspèj, pwa tann, bètrav, ak mayi. Sepandan, yo te jwenn epidemi botulism soti nan sous pi ra tankou lay rache nan lwil, piman tchili, tomat, pòmtè ki mal prepare ki kwit vlope nan papye aliminyòm, ak konsèv pwason prepare lakay ou oswa fèmante.

Moun kap fè konsèv lakay yo dwe swiv de pwosedi sanitè estrik pou diminye kontaminasyon nan aliman yo. Lwil ak lay oswa zèb ta fèt pou nan frijidè. Pòmtè ki kwit vlope nan papye aliminyòm fèt pou kenbe cho jistan yo sèvi oswa mete nan frijidè. Akòz toksin botulism la detwi pa gwo tanperati wo, moun ki konsome manje-konsèv ki prepare lakay, fèt pou konsidere fè manje a bouyi pandan 10 minit anvan yo manje l pou asire yo ke li ansekirite. Ou kapab jwenn ensktriksyon sou kòman pou prepare konsèv ansekirite lakay ou nan Depatman Agrikilti Etazini (US Department of Agriculture) nan http://www.uga.edu/nchfp/publications/publications_usda.html.

Akòz myèl gen dwa gen « ze » (spores) Clostridium botulinum e li te yon sous enfeksyon pou bebe, timoun ki gen mwens pase 12 mwa pa fèt pou konsome myèl. Tout moun ki gen omwens 1 lane oswa plis gen dwa manje myèl. Botulism blesi kapab evite lè w al pran swen medikal tou swit pou blesi enfekte a epi lè w pa sèvi ak dwòg nan lari moun pran ak yon sereng.




Local Health Department

Address


City, State Zip

Phone


Website

Yüklə 11,74 Kb.

Dostları ilə paylaş:




Verilənlər bazası müəlliflik hüququ ilə müdafiə olunur ©azkurs.org 2024
rəhbərliyinə müraciət

gir | qeydiyyatdan keç
    Ana səhifə


yükləyin