Entwodiksyon



Yüklə 7,96 Kb.
tarix25.03.2017
ölçüsü7,96 Kb.
#12278
(Intro1)

Entwodiksyon:
Byenveni nan anviwònman PreventionPays. Ou gen nan men w sa yo rele PreventionPal, ki se yon aparèy ki gen asistans yon òdinatè e ki fè depistaj sou kondisyon lasante. Li byen fasil pou sèvi avèk PreventionPal e li kenbe enfòmasyon w prive omaksimòm. Ekoutè yo pèmèt ou koute san okenn distraksyon defason pou w sa konsantre w konplètman lè wap chwazi pi bon repons pou chak kesyon yo. Pandan senk pwochen minit yo, ou pral tande enfòmasyon sou depresyon apre akouchman. Yo pral poze w 10 kesyon a chwa miltip. Lè w fin reponn dènye kesyon an, tanpri, remèt anplwaye swen sante a aparèy PreventionPal la. Se lwa HIPAA sou enfòmasyon prive ki pwoteje enfòmasyon w bay la e se doktè w la sèlman ki pral revwa enfòmasyon sa a. Doktè w la pral itilize enfòmasyon sa a pou ede asire ke ni oumenm ni tibebe w la nou ansante e nap rete ansante. Mèsi, epi pran plezi w.
(Intro2)

Edikasyon:
Chak nouvo tibebe pa gen parèy epitou chak nouvo manman pa gen parèy nonplis. Gen sèten fanm ki pa gen okenn pwoblèm pandan gwosès yo epitou yo konn adapte san pwoblèm e avèk jwa pandan premye jou apre yo fin akouche yo. Gen delòt ki gen kont pwoblèm emosyonèl yo, yo konn gen kè kontan epi yo konn gen eksitasyon pou yon minit epi apresa yo konn santi solitid oswa gen anvi kriye. Leplisouvan, santiman latristès yo konn modere e yo konn pa rete lontan, men gen delè yo konn grav e yo konn rete. Sa ki enpòtan an se pou konprann diferans ki genyen an epi se pou w mande èd lè li nesesè.
(Intro3)

Katreven pousan omaksimòm pami nouvo manman yo kriye fasilman oswa santi yo gen estrès apre yo fin akouche. Emosyon sa yo, ke yo rele « babyblues (depresyon apre akouchman), » leplisouvan yo disparèt apre kèlke semenn. Sepandan, gen sèten fanm ki gen yon tristès ki pa janm ale. Fanm sa yo ka gen yon depresyon apre akouchman (PPD, nan lang angle) oswa, yo ka gen yon kondisyon ki rive raman, ke yo rele sikoz apre akouchman. Yon fanm ki gen youn nan pwoblèm sa yo ki pi grav, ka gen difikilte pou l fòme yon lyen matènèl avèk tibebe l la. Li ka santi li pa yon bon manman. Li ka panse li pa renmen tibebe l la ase. Santiman sa yo trè kontraryan. Sepandan, li bon pou fanm yo konnen gen tretman ki disponib pou kondisyon sa yo.


(Intro4)

Byenke gen sèten fanm ki gen plis chans pou yo sibi depresyon pase lòt, depresyon apre akouchman ka rive ak nenpòt gwosès oswa akouchman, menmsi yon fanm te gen lòt tibebe anvan sa san okenn pwoblèm emosyonèl. Fanm ki soti nan nenpòt kilti, ki gen nenpòt laj, ki gen nenpòt nivo revni, e ki fè pati de nenpòt ras, ka fè depresyon apre akouchman. Li enpòtan pou sonje ke depresyon apre akouchman se pa fòt pèsòn, e gen tretman ki disponib pou sa. Si w ta renmen gen enfòmasyon anplis sou depresyon apre akouchman, sou sa ki koze l, sou sentòm yo, ak sou tretman, mande doktè w la pou l ba w yon bwochi. Ou ka ale sou sit wèb la tou ki se: www.preventionpays.com.


(Intro5)

Li enpòtan pou w rekonèt sentòm yo osito yo prezante. Gen apeprè yon fanm sou wit ki manifeste santiman ki mande pou yo ba l swen adisyonèl. Nan yon efò pou idantifye depresyon apre akouchman pi bonè, e pou limite soufrans ki pa nesesè, doktè w la ofri depistaj. Kesyon swivan yo pral ede w e l pral ede doktè w la pou nou pi byen konprann santiman w yo defason pou asire ke ni oumenm ni tibebe w la sou bòn vwa pou nou pa gen okenn depresyon apre akouchman.


(Attribution)

Yo kreye Edikasyon apatide segman ki soti nan sit wèb Speak Up When You’re Down (Pale fò lè w gen latristès) ak nan bwochi ke yon gwoup doktè ak ekspè nan Noujèze ekri, e se Depatman Sante ak sèvis Moun Aje ki finanse l; adrès la se Department of Health and Senior Services, State of New Jersey, P.O. Box 360, Trenton, NJ.
Yüklə 7,96 Kb.

Dostları ilə paylaş:




Verilənlər bazası müəlliflik hüququ ilə müdafiə olunur ©azkurs.org 2024
rəhbərliyinə müraciət

gir | qeydiyyatdan keç
    Ana səhifə


yükləyin